Kontakte Nou

Kontakte Roads to Peace

Road to Peace
Clinton County Women’s Center, Inc.
34 West Main Street
Lock Haven, PA 17745

(570) 748-9509 – liy dirèk
(570) 748-9539 – administratif

Sèvis PA Relay: 1-800-654-5984 TTY
Universal Relay: 711

Enstriksyon pou Jwenn Roads to Peace

Si ou vle deplase ale rete yon kote ki an sekirite

Nou ede viktim vyolans domestik. Nou akeyi nenpòt moun ki bezwen sèvis.

Roads to Peace gratis e konfidansyèl epi disponib 24-sou 24, 7 sou 7 pou moun ki nan Clinton County ki bezwen yon kote ki an sekirite pou yo rete. Nou ofri yon sejou limite pou moun ki nan yon sitiyasyon vyolans domestik ki pa an sekirite epi ki danjere. Nou se yon gwoup moun sousye ki kwè tout moun gen dwa pou yo viv san pè vyolans. Si w pa pare pou w kite sitiyasyon w ladan an, w ap jwenn kèk konsèy sou sekirite:

Kenbe kle derezèv, rad, papye enpòtan, medikaman, ak lajan yon kote ou ka fasil jwenn yo si ou ta dwe pati nan prese.

Konte Clinton se yon ti kominote riral apeprè 40,000 manm kominote yo. Abri a li menm chita kò l nan anba sant vil Lock Haven. Kèk pa distans ak estasyon otobis la, inivèsite lokal la ak divès magazen ki toupre. Nou pa gen okenn transpò piblik ki disponib esepte sèvis taksi ki ka koute chè. Nou gen lojman piblik ki disponib; sepandan souvan gen yon 6 mwa jiska yon ane atant pou kèk moun. Apatman yo lwe pou apeprè $650.00 ak plis. Distri lekòl la nan Konte Clinton trè konparab ak pi fò sa ki nan eta a. Lock Haven University disponib pou moun ki vle retounen lekòl pou kontinye edikasyon yo. Nou gen yon lopital lokal ak mache travay san pati pri. Sèvis otobis lekòl la disponib pou moun ki vle deplase nan zòn sa a epi ki vle enskri pitit yo nan lekòl la. Distri lekòl la ap bay transpò otobis pou ale ak pou soti lekòl la pandan sejou w nan abri a.