Òf travay Asistan Lojman

Travay ki disponib nan Roads to Peace

Avoka-Konseye DV/SA ak Asistan pou Lojman

Rapòte bay: Direktè Egzekitif

Estati FLSA: Plen tan, pa egzonere

Òrè travay: 40èdtan pa semèn, fleksiblite obligatwa

Bezwen Deplasman: Kèk deplasman, sa gen ladan l posiblite pou deplase lannwit, obligatwa

Rezime

Soutni epi fè pwogrese misyon, pwogram ak sèvis Clinton County Women’s Center, Inc. d/b/a Roads to Peace la (CCWC-RTP) pandan w ap ofri tout kliyan yo yon defans ak yon soutyen bon jan kalite sou vyolans domestik ak agresyon seksyèl, sa ki gen ladan l ede chache yon lojman soutyen pèmanan, tout pandan w ap respekte nòm konfidansyalite ki estrik yo.

Responsablite Prensipal yo

  1. Kenbe nòm konfidansyalite ki estrik yo
  2. Defann bezwen moun ki viktim vyolans domestik ak agresyon seksyèl
  3. Entèvni nan sitiyasyon kriz, bay konsèy sipò, sèvis suivi ak mwayen transpò pou sivivan yo, selon bezwen ak demann yo, sa gen ladan l transpò nan tribinal ak lopital akonpayman ak defans enterè sivivan yo.
  4. Enskri epi apwouve nan Baz Done Pwoteksyon kont Abi (PFAD) ak ede nan ranpli fòm yo, depo anliy, epi fè suivi lè w ede kliyan yo depoze Òdonans Pwoteksyon kont Abi ak Vyolans Seksyèl epi enfòme ak defann Temwen Viktim yo
  5. Patisipe reyinyon jesyon dosye yo ak reyinyon pou anplwaye yo, si neses
  6. Dokimante efò ak tan pase nan sèvis nan ETO, InSite ak ETO Parallel HMIS
  7. Ede nan fè rapò chak mwa, chak trimès ak chak ane sou pwogram sibvansyon yo, lè sa nesesè, lè w bay done ak esplikasyon ki fonde.
  8. Kreye epi mete ajou orè pou moun k ap travay sou apèl
  9. Gen konesans nan Jistis Finansye, kesyon lojman, bezwen sivivan yo, fè yon bidjè, posiblite edikasyon, chache yon travay oswa fè yon karyè ak lòt konpetans ki gen rapò ak konsève yon lojman pèmanan ak sèvis soutyen.
  10. Etabli epi kenbe relasyon ak pwopriyetè, konpayi jesyon imobilye ak òganizasyon patnè yo.
  11. Sansibilize pwopriyetè yo sou pwojè Housing First la ak bezwen sivivan k ap chache lojman pèmanan
  12. Ede nan kreyasyon ak mete ajou fòm pwojè lojman, pwosedi ak direktiv pou pwojè lojman yo
  13. Kreye epi distribye yon lis lojman ki disponib
  14. Ede nan kenbe envantè/lis kondisyon atik nan kay la ak bezwen rezidan yo kòm yon pati nan pwojè Housing First la
  15. Ede nan ranpli rapò obligatwa yo ak rasanble estatistik ki gen rapò ak pwojè Housing First la.
  16. Patisipe nan evènman ak fòmasyon Eastern Continuum of Care ank Regional Housing Advisory Board (RHAB) yo

Responsablite Adisyonèl

  • Suiv epi kenbe ajou tout fòmasyon ki gen rapò ak responsablite prensipal yo ak atant ajans finansman CCWC-RTP yo
  • Patisipe nan gwoup travay, komite ak reyinyon enpòtan yo, sa ki gen ladan yo, fowòm PCADV, si se enpòtan ak rekòmande
  • Ede nan antretyen ak òganizasyon abri a, sa gen ladan l netwayaj, preparasyon chanm yo pou resevwa rezidan yo, resepsyon ak estokaj manje, swen pèsonèl, pwodui netwayaj ak lòt don
  • Bay bakòp pou moun travay sou apèl yo
  • Egzekite lòt tach an fonksyon de saDdirektè Egzekitif la mande

Kalifikasyon

  • Lisans nan yon domèn ki koresponn oswa yon konbinezon etid ak esperyans
  • Konesans pratik operasyon jeneral sou Òdinatè, Windows, Microsoft Word, Excel, PowerPoint ak Google Suite
  • Konplete avèk siksè 65 èdtan fòmasyon sou sèvis dirèk la
  • Yon lisans valid nan Pennsilvani, itilize pwòp machin ou, prèv yon asirans machin ak anrejistreman machin nan obligatwa epi disponib pou vwayaje an fonksyon de bezwen travay la
  • Lwa 33 ak lwa 34 sou Abi sou Timoun ak Verifikasyon Pase Kriminèl ansanm ak Lwa 114 sou Verifikasyon Federal Pase Kriminèl (Anpwent)

Nòm yo

Pou byen fè travay sa a, yon moun dwe an mezi akonpli chak tach prensipal yon fason ki bay satisfaksyon. Kondisyon ki endike anba a reprezante konesans, konpetans ak/oswa kapasite ki obligatwa yo Yo kapab fè aranjman rezonab pou pèmèt moun ki andikape yo ranpli fonksyon prensipal yo.

  • Rete chita pandan anpil tan, bese, leve men mete sou tèt, leve jiska 30 kilo, kapasite pou monte eskalye
  • Travay dèyè òdinatè pandan yon tan ki long
  • Kapasite pou distenge lèt ak senbòl yo, yon vizyon kòrèk ak yon odisyon (tande) ki nòmal
  • Kapab oblije travay nan kondisyon estrès ak travay nan lè ki pa regilye
  • Kapab mande pou ekspoze ak maladi kontajye, likid kòporèl, ak entèraksyon ki pa estab
  • Ekipman ak pwosedi sekirite yo disponib e obligatwa

 

Deklarasyon ki nan dokiman sa a dekri an detay responsablite ak fonksyon prensipal pou pòs sa a, men li pa dwe konsidere kòm yon lis konplè egzijans pwofesyonèl yo.

Moun ka fè lòt travay yo bay yo, ki gen ladan yo, men ki pa limite a, travay nan lòt domèn pou kouvri absans oswa ranplasman nan lide pou kreye yon ekilib nan peryòd ki gen anpil aktivite yo oswa ekilibre chaj travay la nan nenpòt lòt fason.