Mwa Sansibilizasyon sou Agresyon Seksyèl (SAAM) 2021

​​​​​​​ Mwa Sansibilizasyon sou Agresyon Seksyèl (SAAM) Roads to Peace

Pou mwa avril sa a, n ap lanse yon ​​​​​​​kanpay sansibilizasyon #rtp21“Awareness Rocks!” pou selebre Mwa Sansibilizasyon sou Agresyon Seksyèl.

Si w jwenn wòch soti Loganton rive Renovo, nan Eta Pennsilvani, ak nan tout lòt zòn entèmedyè yo nan Konte Clinton… fè yon foto epi poste l sou rezo sosyal yo (Facebook, Twitter, Instagram, elatriye) ak achtag #rtp21 epi tag Roads to Peace.

An n gade kijan nou kapab sansibilize moun yo sou agresyon seksyèl nan rejyon nou an lè n jwenn epi poste kantite wòch nou kapab. Tanpri, konsève wòch ou te jwenn yo kòm yon souvni oswa mete yo nan yon espas pou fè mesaj la kontinye sikile.

Mwa avril 2021 ap make 20e anivèsè Mwa Sansiblizasyon sou Agresyon Seksyèl - men èske w te konnen istwa li pi ansyen toujou?

Anvan menm li te lanse ofisyèlman, SAAM te gen pou objektif fè sansibilizasyon ak prevansyon kont agresyon, asèlman ak abi seksyèl. Si n ap egzaminen istwa mouvman an ki gen pou objektif fini ak vyolans seksyèl, nou konprann poukisa li enposib pou anpeche yon pwoblèm pèsonn moun pa konnen, epi li difisil pou sansibilize moun sou yon pwoblèm san w pa pote yon solisyon. Toulède travay ansanm, e yo te toujou fè sa. Soti nan mouvman dwa sivil yo rive nan fondasyon premye sant pou ede moun ki viktim vyòl yo rive nan lejislasyon nasyonal la e plis toujou, rasin SAAM yo antre fon.

Rasin Mouvman yo
Toutotan gen moun ki sousye pou rann mond lan yon pi bon plas, ap gen moun k ap milite pou fè prevansyon kont agresyon seksyèl. Ozetazini, mouvman pou chanjman sosyal ak egalite yo kòmanse pran anplè nan lane 1940 ak 50 yo ak epòk dwa sivik yo. Malgre diskisyon piblik sou reyalite agresyon seksyèl ak vyolans domestik te limite nan epòk sa yo, militan pou egalite dwa yo te kòmanse mete sistèm ki te la an dout.

Fanm nwa ak fanm po klè yo te defann efò ki te deplwaye nan epòk sa yo. Defansè tankou Rosa Parks te travay nan entèseksyon vyolans ki baze sou ras ak sèks (yon fondasyon ki, kèk ane pita, an 1989, defans e pwofesè Kimberlé Crenshaw t apral rele “entèseksyonalite”).

Vas mouvman aktivis sosyal sou kesyon agresyon seksyèl kontinye nan lane 1970 yo, li pote ak li sip pou sivivan yo ak yon gwo sansiblizsyon. Premye sant pou ede moun ki viktim vyòl yo te fonde nan vil San Francisco nan lane 1971, menm vil kote premye manifestasyon ameriken “(Reprann Nuit la) Take Back the Night” te fè sèt lane apre.

Deseni apre yo te mobilize sivivan ak defansè yo pou egzije lwa ak finansman ki t apral sipòte sivivan yo, tankou Lwa sou Vyolans ki fèt sou Fanm nan lane 1993 (VAWA).

Gwo chanjman tankou VAWA demontre efò nasyonal pou fè pwomosyon pou prevansyon kont vyolans seksyèl te nesesè. Menm anvan yo te selebre SAAM nan nivo nasyonal pou premye fwa nan lane 2001, defansè yo te òganize manifestasyon, mach ak selebrasyon ki gen rapò ak vyolans sekyèl pandan mwa avril la, pafwa pandan yon tout yon semèn ki pote tit “Semèn Sansibilizasyon kont Vyolans Seksyèl.”

Nan kòmansman lane 2000 yo, objektif prensipal SAAM se te sansibilizasyon – alafwa ogmante viziblite riban ble a ak sans ki dèyè li. Nan mitan lane 2000 yo, SAAM te entegre plis prevansyon, pandan li konsantre sou domèn tankou kominote yo, espas travay yo, ak kanmpous Inivèsite yo. Kanpay sa yo montre fason moun ak kominote yo kapab frennen agresyon seksyèl anvan li rive lè yo chanje konpòtman yo ak lè yo fè pwomosyon pou respè.

Dènye ane sa yo, SAAM te fè efò pou l atire lòt piblik apa defansè dwa moun yo, sila sa yo ki pa konsyan yo jwe yon wòl enpòtan nan fè prevansyon kont vyolans seksyèl. Dokiman resan yo mete aksan sou fason moun tankou paran, chèf relijye ak fòmatè yo kapab vin jwe wòl ajan chanjman, pandan y ap pataje mezi pratik nou chak kapab pran pou fè prevansyon kont agresyon seksyèl.

Avni SAAM
Istwa SAAM te montre nou kèlkeswa sa k rive, moun ki vle fini ak agresyon ak abi seksyèl ap toujou jwenn mwayen pou fè sansibilizasyon ak prevansyon. Alavni, nou kapab asire nou SAAM ap kontinye grandi ak adapte, pandan l ap bay plis moun konnen yon mond san agresyon ak abi seksyèl posib.

NOU KAPAB KREYE ESPAS ANLIY KI FYAB.
Asèlman, agresyon ak abi seksyèl kapab fèt nenpòt kote, menm nan espas anliy yo. Pandan nou konekte anliy, nou kapab aprann fason pou nou pratike konsantman dijital/nimerik, fè entèvansyon lè nou wè kontni ak konpòtman ki nuizib, epi asire espas anliy yo – menm si yo se​​​​​​​ espas travay, saldeklas, platfòm rezo sosyal yo, oswa lòt bagay – sèten ak montre respè.

Entènèt vin tounen nouvo plas piblik kote nou konekte avèk patnè womantik nou yo, zanmi nou yo ak fanmi nou, kòlèg travay ak moun nou pa konnen. Kit se aplikasyon pou fè rankont, reyinyon vityèl, tchat, apèl videyo, ak enteraksyon sou rezo sosyal yo, majorite kominikasyon yo fèt kounye a atravè ekran.

Tank teknoloji a ap evolye pou l vin fè pati lavi chak jou nou, nou konsyan fason yo kapab itilize l pou entimide, menase ak fè abi te ogm,ante tou. Pandan deseni ki pase yo, gen tèm tankou “ekstòsyon seksyèl”, “revanj pònografik” ak “dòksing (pataje done pèsonèl yon moun san konsantman li sou entènèt) ” te ajoute nan vokabilè piblik la. Pònografi timoun, asèlman sou entènèt oswa piblikasyon imaj seksyèl san konsantman se lòt egzanp konpòtman abizif moun jwenn anpil sou entènèt.

Egzanp sa yo reprezante yon ti pati nan fason yo kapab vyole konsantman ak limit yo. Gen zak lalwa idantifye tankou zak kriminèl, gen lòt ki vyole politik platfòm anliy yo (tankou Zoom oswa Instagram) mete anplas, tandiske gen lòt zak vyolans seksyèl sou entènèt ki rete pwoblèm anonim. Pafwa, vyolans lan kòmanse sou entènèt apre li vin fèt fizikman, epi nan lòt ka, vyolans lan fèt sèlman dèyè ekran. Menm si abi a fèt dèyè yon ekran, enpak li genyen sou viktim nan, sou pwòch li yo ak sou kominote a kapab grav nan menm nivo ak yon vyolans seksyèl ki fèt fizikman.

​Vyolans seksyèl se yon tèm global ki kouvri tout kalite kontak seksyèl san konsantman – fizikman oswa sou entènèt – sa gen ladan l agresyon, asèlman ak abi seksyèl.

Ki sa abi seksyèl sou entènèt ye?
Abi seksyèl sou entènèt kapab tout kalite asèlman, eksplwatasyon, oswa abi seksyèl ki fèt atravè ekran.

​Tip asèlman ak abi seksyèl sou entènèt:

  • Voye kòmantè ki gen rayisman oswa kòmantè deplase ki baze sou sèks bay yon moun
  • Voye demann endezirab bay patnè oswa etranje pou voye foto oswa videyo toutouni oswa pou difize zak seksyèl an dirèk.
  • Fè yon zak seksyèl devan yon wèbkam san moun ki enplike yo pa t bay konsantman yo pou sa a, oswa nan yon kontèks ki pa apwopriye (tankou pandan yon reyinyon travay sou entènèt).
  • Pataje imaj oswa videyo prive san tout moun ki enplike yo pa bay konsantman yo, yo rele li tou “revanj pònografik”, se yon bagay lalwa kondane.
  • Pataje pòno nan espas kote tout moun pa t dakò pou gade yo (tankou nan reyinyon Zoom yo oswa lòt espas ki pa apwopriye yo, yo rele li tou sou Bonbadman zoum).
  • Prepare timoun yo pou fè abi seksyèl sou yo swa sou entènèt oswa fizikman.

​Se pa paske abi seksyèl sa yo fè​​​​​​​t dèyè yon ekran ki fè enpak yo mwens afekte viktim nan. Pandan kèk nan konpòtman sa yo se krim yo ye, an patikilye abi seksyèl sou timoun, gen lòt ki nuizib nan menm nivo a. Anplis de sa, kòm yo kapab repataje ak repibliye imaj abi yo sou entènèt, gen yon ris anplis pou moun nan viktim ankò.

Mwa Sansibilizasyon sou Agresyon Seksyèl (SAAM) (nsvrc.org)